Jakmèl, 01 Desanm 2025
KOMISYON ELEKTORAL
KRITÈ POU YON SOSYETE POZE KANDIDATI LI
Eleksyon 23e Asanble Jeneral (Mas 2026)
1- Fòk sosyetè a manm aktif kès la depi pou pi piti twa (3) mwa.
2- Fòk sosyetè a ta dwe genyen konesans nan zafè koperativ.
3- Si sosyetè a te gen kredi, fòk li gen yon bon pase kredi ak kès la oubyen nan lòt enstitisyon finansyè.
4- Fòk sosyetè a pa gen lyen parante dirèk ni ak anplwaye kès la.
5- Fòk sosyetè a gen yon souvni.
6- Fòk sosyetè a disponib epi poul konnen lap bay yon sèvis gratis, epi fòk lap viv nan komin Jakmèl depi pase senk (5) lane.
7- Fòk li pa dirijan ni anplwaye nan yon lòt koperativ nan peyi a ni yon lòt enstitisyon finansyè.
8- Fòk li pat dirijan nan yon koperativ oubyen nan yon asosyasyon koperativ ki fè fayit.
9- Fòk sosyetè a pa janm patisipe ni kondane pou zak malonèk ak zak kriminèl.
10- Fòk pa gen dout sou moralite sosyetè a.
11- Si 2 moun marye oubyen ap viv ansanm, youn ladan yo gen yon kredi kip a peye moun sa a pap ka kandida.
12- Chak kandida dwe bay yon (1) mandatè yon fwa kandidati li aksepte, e fòk mandatè a de manm Kès la.
Pa bliye : Tout fòm kanpay fòmèlman entèdi, sèlman jou eleksyon an kandida a ap ka fè kanpay lè komisyon an mande l pou prezante l.
JAN POU DOSYE KANDIDATI SOSYETÈ AN PREZANTE
1- Sètifika bòn vi e mès
2- Cv ak foto idantite ki fèk fèt akonpanye kopi kat dèmalòg la.
3- Fotokopi premye paj livrè epay li.
4- Lis moun ki konpoze fanmi l tankou : frè, sè, pitit, manman, papa, mari, madanm, tonton, matant, nyès ak neve. Gen yon fòm ki disponib pou sa nan sekretarya direksyon an.
5- Fok sosyetè an pwouve li gen yon sous revni (patant, lèt travay…).
N.B : Si youn nan kondisyon sa yo pa respekte, dosye sosyetè a pap konsidere. Sa vle di yap rejte dosye kandidati sosyetè sila a.
Enskripsyon an ap kòmanse jou kap lendi 1e desanm 2025 pou fini Vandredi 13 fevriye a 2 zè nan aprè midi, nan sekretarya Direksyon kès la. Aprè dat sa a, komisyo nan pap resevwa dosye ankò.
Komisyon Elektoral
Silva Gina TOUSSAINT
Prezidant